
Sou nou
Revolution FX Academy
se yon sant fòmasyon angaje ki vize transmèt konesans serye sou mache finansye yo. Akademi a fèt pou moun ki enterese devlope konpetans teknik ak analitik solid pou amelyore pèfòmans yo sou mache mondyal yo. Nou adopte yon apwòch pratik, estriktire, ak etik pou asire ke edikasyon nou ofri a itil ak byen adapte ak bezwen chak elèv.
Nou gen plis pase 200 etidyan ki te benefisye de fòmasyon nou yo pandan 4 ane. Nou ofri de kou prensipal: yon kou debitan pou moun ki nouvo nan komès, ak yon kou avanse pou moun ki deja gen eksperyans ak vle amelyore teknik yo sou mache finansye yo.
TEMWANYAJ
Kisa etidyan nou yo Panse de nou
“Mwen remèsye chak grenn coach ki nan Revfx eksperyans mwen avek Revfx se yon bel eksperyans paske coach yo montre devouman yo pou ansenye e chak modul yo byen fomile e eksplisit gras ak nou mwen pase de novis ak yon trader kap travay poul vinn yon profesyonel mesye mwen felisite nou paske travay nap fe an pa piti nap ede yon generasyon ki finn pedi jwenn yon espwa pou demen anpil respe pou Revfx“
“ Fòmasyon avanse sa vrèman chanje vizyonm sou trading li fèm vin wè mache a yon fason ki pi klè Mwen aprann anpil bagay ki edem pran anpil bon desizyon epi evite erè ke m te konn fè avan .Mèsi anpil ak staff RevFX pou pasyans nou pou travay yo ak konesans nou pèmèt Mwen genyen jounen Jodi a Mwen rekonesan anpil pou tout sa nou fè pou mwen
Sa Mwen te plis renmen nan fòmasyon sa se pati devwa sou fòm vidéo nou te bay yo sa te pèmèt Mwen avanse pi byen em konprann pi byen lèm an pozisyon poum ap explike E nou te toujou pran tan nou pou gade devwa yo e korije yo e bay elèv la yon feedback an prive pou nòt li fè a franchman fòmasyon sa se yon 10/10🔥🔥🔥”
Ansyen Etidyan fomasyon SMC
“ Révolution FX transformer vision mw nan sak pou wè ak trading mw pran tou 2 formation li yo menm poko fini 2eme lan menm santim sou wout pou m abouti ak resultat final mw tap chache donk map conseiller yon moun se chache bon moun ki konn sa yap f a pou enseigner nou trading pou nou pa brouyé de manière simple et fluide nan sens sa nou met lage nou nan men révolution FX lap transformer nou tou “